Paroles de la chanson Ou te Di M par Wellborn

Chanson manquante pour "Wellborn" ? Proposer les paroles
Proposer une correction des paroles de "Ou te Di M"

Paroles de la chanson Ou te Di M par Wellborn

Ou te di m se pour la vie, pour le meilleur et pour le pire
E m s on krapo ou pral bo pou n bati yon empire
Ou t ap pale m de rèv de bonè e de Love
Ou t ap pale m de maryaj, zanfan fond on fwaye
Ou te di m nan kè nou rich menm si nan pòch nou pòv
Jamè youn san lòt, si m plonje w ap nwaye
Ou te di m ou diferan ke m ka fè w konfyans
Ou te fè m wè eta m, pou m te ka pran konsyans
Paske mwen stil gen menm pwoblèm ak on pakèt
M s on thug, Lanmou pa sot nan kè m encore moins dans ma tête
San domisil fiks, ou te di m w ap louvri kè w pou m sieje m
W ap panse plè m, lè m ap kriye w ap la pou w siye je m
Ou te di m ba w tèt mwen, ba w nanm mw ba w kò m
Lanmou ka fè maji se pa sèlman bòkò
Ou te di m si vi m gen move tan w ap sèvi m parapli
Ou p ap kite m konn soufrans, jis pou m pa rap li

W ap la pou mwen ba w vi m ba w kò m ba w kè m
Ansanm n ap bati mond nou
Se sa ou te di m
Se sa ou te di m
Menm nan mizè w ap stil renmen m mèt kwè w e w p ap janmmen ban m do yon jou
Se sa ou te di m
Se sa ou te di m
Ou te di m

E ou te di m ou pa bezwen liks ak bijou
Sa yo se ti kapris, ou jis bezwen lanmou ak bizou
Ou te di m n ap mennen on vie de bohème
Se sof rim mwen yo k rich kidonk m ka kouvri ou ak powèm
W ap koute silans mwen, konprann menm sa m pa di
W ap koupe soufrans mwen, fè de lanmou sèl maladi m
W ap ban m on rezon pou m viv, on koz pou m mouri
W ap pran move moman yo, wap ban m on bèl souvni
Mon amour, ma bataille ( Hum Balavoine)
Ou te di m ansanm n ap pran menm sa lavi a pa bay
Ou te di m w ap met souri sou vizaj mwen, wete chagren m
Ou t ap simen woz, wete vye zèb nan jaden m
Ou te di m plonje nan vid lan w ap pare m
Ou te di m w ap bousòl lè m pèdi wout mwen, lè lavi a bare m
Ou te di m renmen w, san kondisyon, san koz
Ou te di m bliye tèt mwen, ekri pou ou lòt rim ak lòt pwoz

Wap la pou mwen ba w vi m baw kò m ba w kè m ansanm n ap bati mond nou
Se sa ou te di m
Se sa ou te di m
Menm nan mizè w ap stil renmen m mèt kwè w e w p ap janmmen ban m do yon jou
Se sa ou te di m
Se sa ou te di m
Ou te di m

Ou pa t di m ou t ap trayi m avan menm kòk la kòdase
E jou sa pou mare m p ap gen kòd ase
M p ap gen kòb ase paske rèv yo g on pri
Non ou pa t pale m de manti avèk twonpri
Ou pa t di m, ke livè toujou vini apre prentan
A trantan on fanm bliye sa l te pwomèt a ventan
Se toujou menm lanmou, men diferan koz
Men ou pa t di m an vrè se zepin yo ki gen woz
Ou pa t di m, moun chanje kou sezon, pèdi rezon fas zeprèv
W pa t di m, renmen san kondisyon, m ap brize san rezèv
W pat di m tan konn manje rèv, m p ap chanje tèm
Ou pa t janm di m lanmou pa rezime ak on Je t'aime
Ou pa t pale m de regrè, de kriye, de solitid
On sèl moun manke m, m gen lenpresyon tout latè vid
Ou pa t di m ke lanmou, se te jis on ilizyon
E tout istwa yo pa fini tankou Sandriyon

Se pa t sa w te di m
Se pa t sa w te di m
Se pa t sa w te di m
Se pa t sa
Se pa t sa w te di m (Se pa t sa w te di m)
Se pa t sa w te di m (Se pa t sa w te di m)
Se pa t sa w te di m
Se pa t sa

Menm myèl la ou wè ki byen dous konsa yon jou kè plen li kapab ba ou
Se pa t sa w ou te di m
Se pa t sa ou te di m
Sa kapab detwi lavi m tôt ou tard si m livre tout mwen menm ba ou
Se pa t sa ou te di m
Se pa t sa ou te di m

Paroles.net dispose d’un accord de licence de paroles de chansons avec la Société des Editeurs et Auteurs de Musique (SEAM)

Sélection des chansons du moment