Paroles de la chanson M ap Kite W par Wellborn

Chanson manquante pour "Wellborn" ? Proposer les paroles
Proposer une correction des paroles de "M ap Kite W"

Paroles de la chanson M ap Kite W par Wellborn

Ka m tris non m pa ka esplike sa
M pa t janm reve wè m gran jamè nan verite sa
Èske m merite sa
Maîtrise de soi, m evite sa
Le pire m toujou love ou chak jou an depi de sa
Tout pawòl konsyantize w ke w f on vye zak
Sa k konte pou ou si m kenbe w la main dans le sac
Ban m ti Jezi san konfese sou tèt mwen met yon monti
(An) Malgre tou m wè verite nan manti
M fikse je w li kontredi tout pawòl ou di
Now m konprann lanmou ka zonbifye menm fè w pa wè w toudi
Ou ka pa bitch gen jès ou konn fè ki kalifye w
K al fè efè sou nèg ou imajine l ki ka l li k fye w

Ou di m ke w ap kite m
W konnen sa sa koute m
Pou jan ke m sakrifye m
Sou ki m pral abrite m
M te livre tout mwen ba w kounya gad sa k rive m

(2 fwa)

Twòp pou fè twòp pou di twòp pou epwouve
M santi sa anpire grav pou w jwenn yon Con fistre
Chak yon relasyon andire santiman an k konn Krispe
Nòmal pou gen kè k neye
Si gen dlo je k koule
P ap ka ret bouch be lè manjezon ap debòde
Vin kontre ak nostalji s on santiman w ta dwe bòne
M te fè w vre men pa di m ou fidèl ke castro pi sen ke Marie
Ou pou bokou nan fè diskisyon ki debil
Pa gen tan pou mwen, pale m de plezi e de bil
Sans vi nou pa konpatib ou di m fuck projet d'avenir
M pa ka di tout sa m santi si m pa twouve ase mo
Chak relasyon k fin konstwi k detwi se tounen a zewo

Ou di m ke w ap kite m
W konnen sa sa koute m
Pou jan ke m sakrifye m
Sou ki m pral abrite m
M te livre tout mwen ba w kounya gad sa k rive m
(2 fwa)

Pa gen pou pèdi w ap bay yap pran san di ase
Kèk fwa on fi pèdi nan valè l a chak nèg li pase
M p ap di pran swen w an ipokrizi non ke God bless ou
Kite m pa enpòtan kòman w pral jere feblès ou
Eske w p ap stil pataje santiman w avè m kòm zanmi
Panse ak bèl moman k pral tounen kòm annwi
Abitid ti atitid ti gatri
Lanmou dous men lè l blese w li kite gwo sikatris

Ou pa deside avanse an depi de tout mepri
Yon vrè lanmou ret fò se lè l surpassé e vécu
Kòm se sa w vle m ap di w bye menm si m pral toumante
W plonje m nan tristès ak doulè tout rèv lanmou m tou ante

Ou di m ke w ap kite m
W konnen sa sa koute m
Pou jan ke m sakrifye m
Sou ki m pral abrite m
M te livre tout mwen ba w kounya gad sa k rive m
(2 fwa)

Ou di m ke w ap kite m
W konnen sa sa koute m
Pou jan ke m sakrifye m
Sou ki m pral abrite m
M te livre tout mwen ba w
Plonje m nan tristès ak doulè

Paroles.net dispose d’un accord de licence de paroles de chansons avec la Société des Editeurs et Auteurs de Musique (SEAM)