Paroles de la chanson Cheri Mwen par Wellborn

Chanson manquante pour "Wellborn" ? Proposer les paroles
Proposer une correction des paroles de "Cheri Mwen"

Paroles de la chanson Cheri Mwen par Wellborn

Cheri mwen, mwen vle ou
M p ap pase pa kat chemen, ban m men ou
Lanmou mwen, se ou ki tout
Pran men m nou tèlman ka fè plis si n ansanm

M pa konn kijan demen ap ye men m konn mwen vle l ak ou
Evite m tout ti prekosyon w mèt livre m tout nanm ou
Mwen menm pare pou asepte sa lògèy mwen pa vle
Paske cheri se ou ki tout

(An) Ak anpil atansyon m koute w byen k ap pale
Di jan w ta vle m nan vi w di jan w bezwen m se (waw)
Ou vle livre w ban mwen san menm rann kont kot sa prale
Lanmou sa avegle w ou menm di genyen m se chwa w
D'un coup m pa ka deside pa kont tou si m pa ta vle
Jan m pa kont tout sa w santi m konnen renmen m se dwa w
M pa inyore sa si jodi lanmou pòt kè w frape
M pito fwi w ke m abize w petèt demen se pa m
An tout senserite ou pwouve m à tout prix w vle m
M koute rezon m plis ke kè m m poko ka di w m abò sa
Tan pouw pa posede m ou di w prefere pataje m
N ap kite l mache men avan n konkli sou akò sa
Avan sa al pi lwen m ap di w byen m deja angaje m
Ap gen limit antre nou n ap ka ansanm si w dakò sa
M pa vle pèdi ni sak ni krab m pa vle sa anjandre
Si kondisyon yo pa kenbe n ap kouvri fèy Sou rapò sa

Baby

M pa konn kijan demen ap ye men m konn Mwen vle l ak ou
Evite m tout ti prekosyon w mèt livre m tout nanm ou
Mwen menm pare pou asepte sa lògèy mwen pa vle
Paske cheri se ou ki tout

Se pa kesyon m neglije w men m jis vle prezève kè m
Si w ta twouve m trè distan si wè m evite ap wè w
Men yon trezò sakre yon siblim deyès kou wè w
Gwo kesyon an se èske m ap ka reziste avè w
Vwala ke mwen aprann yon jou w ap fini pa koute kè w
Lè santiman an sipase w lè w konbat ak dezi w twòp
Sa ka rive w pa kwè m babe pou m sensè avè w
Tout santiman ak emosyon tout feeling yo resipwòk
Sa vini tou natirèlman franchman m pa sèten
Tankou 2 pye m pa sou tè kòmsi m t ap viv yon compte de fées
Ou ka poko fin retwouve men m ap livre m se byen
Si w ap pot chanjman si w ap vin nan vi m pou w konplete
Wellborn m s on nèg ki sensè literalman m ka di m renmen w
E sesi m très sûr se te depi sou premye rega n
M pa swete regrèt chwa sa ke sa mennen n lwen
Si vrèman w ta lwayal pran m si w ap vini pou gide pa m

Baby

M pa konn kijan demen ap ye men m konn Mwen vle l ak ou
(Cheri mwen)
Evite m tout ti prekosyon mèt livre m tout nanm ou
(Cheri mwen)
Mwen menm pare pou asepte sa lògèy mwen pa vle
(Cheri mwen)
Paske cheri se ou ki tout
(Cheri mwen) (cheri mwen) (cheri mwen)
Cheri mwen mwen vle w
Cheri mwen mwen vle w

Paroles.net dispose d’un accord de licence de paroles de chansons avec la Société des Editeurs et Auteurs de Musique (SEAM)

Sélection des chansons du moment