Paroles de la chanson Lajan Sere par Klass

Chanson manquante pour "Klass" ? Proposer les paroles
Proposer une correction des paroles de "Lajan Sere"

Paroles de la chanson Lajan Sere par Klass

Mwen louvri yon paj nan liv sakre w la
Pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja
Se nou ki konn sa n pral fè ak sa (sa n pral fè ak sa)
Mwen gentan anpwazonnen
Tout san mwen kontamine
Ou gentan wè sak rive

Ou di pouki se ou k tonbe anba
An plis ou di m lavi m chaje avèk dram
Men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou doudou)
Gen lontan m pa enpresyone
Li pa fasil pou kè m kase
W annik vini, ou tounen nesesite

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan k sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Nou pa gen anpil tan
Poutan se kòmsi n te ansanm tout tan
Nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
Se sak fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan
Sè l mwen ki konn pou ki rezon

Cheri w se tout sa m t ap chèche
Tout sa m te manke
Yon priyè ki egzose
Ou tankou yon lajan sere
Ke m te m fin bliye
Sanzatann m al twouve

Si w wè m ap bat kò m devan w
Si tout fwa w wè m aji kon ti pantan
Li pa nan tanperaman m pou m fè pedan
M pa fè pwomès tout tan
Men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman baby
Mwen ak ou fè lesyèl kontan woy

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Men sa son ben lanmou!
Cheri kenbe m! Kenbe m! Kenbe m!
Ti Monarch ou wè!
Wo...! Wo...!
Klass it is baby! Yes it is baby!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Yo dim pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Men ki mele m avè yo!
Yo dim pa gen lanmou ankò ankò
Di sa pa gade nou!
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Woyoyoy!

Alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l son bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante
Se sou nou lanmou pral konte
Nou pral egzanp limanite
Ye anye anye!
Doudou vini mwen ba w siwo!
Yo dim pa gen lanmou ankò ankò
Men sa pa gade nou!
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò
Sa nou ba yo pote?!
Yo dim pa gen lanmou ankò ankò
Mwen menm avè w nou pa dakò dakò

Alèkile, vrè lanmou ra pou twouve
Se enterè moun yo ap jere
Yo bliye l son bagay ki sakre
Jou mwen avè w sèmante
Se sou nou li pral konte
Nou pral egzanp limanite
Ye anye anye!
Doudou vini’m vlope w!

Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!
Oh oh! Oh! Oh oh! Oh!
Ohohohohhh! Ohohohohhh!

Castel! Leroi! Lekòl la pap ret ban vid tande!
Sa k poko enskri kouri!
Men sa son sen sakreman!
Ou la la la la la la la la!
Wo...! Wo...! Wo...!

Paroles.net dispose d’un accord de licence de paroles de chansons avec la Société des Editeurs et Auteurs de Musique (SEAM)

Sélection des chansons du moment

Les plus grands succès de Klass